Skip survey header
Select another language. Seleccione otro idioma. Chwazi yon lòt lang.

Update

Enstriksyon

Miami-Dade County Office of Emergency Management (Biwo ki jere Ijans nan Konte Miami-Dade) ap fè yon etid pou l ka byen konprann plan preparasyon ak plan evakyasyon yo epitou sa rezidan l yo bezwen. Pou yo fè sa, yo distribye yon sondaj nan tout konte a. Li enpòtan pou pataje opinyon w avèk nou e nap apresye sa anpil!
 
Ou sipoze pran apeprè 15 minit sèlman pou konplete sondaj la. Nap kenbe tout repons ou yo konfidansyèl, e ou ka patisipe sèlman si lide w di w. Enfòmasyon ou bannou yo pral pèmèt Konte a ba w pi bon sèvis.
 
Tout moun ki ranpli epi ki voye sondaj yo tounen ap elijib pou patisipe nan tiraj osò y ap fè a. Si w ta renmen konnen ki pri moun ka genyen nan tiraj osò a, tanpri ale nan sitwèb sondaj la ki pi ba a. Si w vle patisipe nan tiraj osò a, ou fèt pou ranpli dènye kesyon an pou yo sa kontakte w sizoka ou ta genyen!
 
Tout moun ki te bay enfòmasyon pou yo ka kontakte yo ap patisipe nan yon raf pou kapab genyen kado. Pami kado yo bay, gen:
  • Radyo ki bay Nouvèl sou Meteyo
  • Twous Preparasyon pou Ijans
  • Twous pou premye swen
  • Ak lòt bagay!

Si ou gen nenpòt kesyon, tanpri, pa ezite pou kontakte:
Miami-Dade County Office of Emergency Management
Telefòn: 305-468-5400
Imèl: eoc@miamidade.gov
 
Mèsi dèske ou patisipe nan sondaj la. Nan fen sondaj la, wap jwenn enfòmasyon enpòtan sou preparasyon nan ka dijans, ki gen rapò espesifikman avèk Konte Miami-Dade.